FATIMA ALTIERI ET TJO ZENNY & OSWALD: YON KONSÈ MIZIK EKSTRAÒDINÈ?
Haiti Music
Yon bèl sware istorik ki te fèt samdi swa nan L’Olympia de Montréal. Nou t’ap tann sa depi lontan, epi Fatima Altieri, se premye atis fanm ayisyèn ki monte sou sèn prestijye sa a, e li ban nou yon show san parèy!
Anpil moun te fè deplasman, sal la te chaje ak lanmou epi sipò.
Fatima te kòmanse ak mizik "You Raise Me Up", yon moman ki te vrèman touche tout moun. Se te yon pèfòmans vibran, plen emosyon.
Oswald, T-Jo Zenny, ak Kenny Haïti te la pou akonpanye l. Moman kolaborasyon yo te fè sal la tounen yon kokenn fèt.
Yon gwo chapo pou Fatima pou travay li, vwa li, ak kouraj li. Li fè tout Ayisyen ak Ayisyèn fyè! Li montre nou ke lè ou kwè nan rèv ou, pa gen anyen ki enposib.
Li merite tout bon bagay yo paskel travay pou sa
Nou kontan pou li! Yon bèl moman pou mizik ak kilti Ayisyen nan .
(HAITI MUSIC 🇭🇹 PLATEFÔRME OFFICIEL)
28 Août 2025 à 07:50:11 PM