contact@haitiwonderland.com+509 36184317

Découvrir

Panier

DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

DEKOUVRI JADEN BOTANIK NAN OKAY, AYITI 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Haiti Music

Jaden Botanik Okay la chita nan Bergeau, nan antre nò vil Okay, nan Sid Ayiti. Li genyen anviwon 8 ekta tè.

Li te fonde 3 septanm 2003 pa agronòm William Cinéa.
Kreyasyon li rantre tou nan kad Konstitisyon 1987 la, ki nan atik 256 di fòk gen jaden botanik pou pwoteksyon anviwònman.

Jaden an fè pati plizyè gwo rezo:
- Rezo Mondyal Jaden Botanik yo (BGCI)
- Rezo Jaden Botanik Frankofòn yo
- Asosyasyon Jaden Piblik Ozetazini

Li jwenn sipò teknik nan men Muséum Istwa Natirèl Paris ak Konsèvatwa Botanik Nasyonal Brest an Frans.

Objektif ak misyon yo se Konsèvasyon ak rechèch
Jaden an divize an plizyè espas:
1. Yon espas pou konsève plant natif natal ak endemik
2. Yon espas òtikòl
3. Yon jaden etnobotanik (plantes medsin, arom, tradisyonèl)
4. Yon jaden ekolojik
5. Yon pèpinyè pou pwodui plant

Li genyen yon Depatman Rechèch Syantifik ak Konsèvasyon ki fè:
- Enventè sou plant yo
- Etid sou enpak anviwònman
Pwogram konsèvasyon in situ ak ex situ
Koleksyon grenn plant natif natal.

Jaden an sèvi kòm yon lekòl vivan. Li òganize:
- Vizit gid pou elèv, etidyan, pwofesè ak piblik an jeneral
- Kou òtikòl
- Atelye, konferans, estaj syantifik

Plizyè jèn agronòm ak etidyan konn fè memwa ak fòmasyon yo la. Yo rele l yon “bibliyotèk vivan”.

Li se tou yon bèl plas pou repoze, ak pran plezi.
Gen plis pase 500 a 1000 espès plant ladan l:
- Plant medsin
- Plant fwi
- Plant dekoratif
- Plant endemik

Siw pral vizite l men kek bagay ou dwe konnen :
Vizit gid yo dire apeprè 30 minit
Pri a: anviwon 5 dola US pou granmoun ( gratis pou timoun ki poko gen 5 an )
3,5 dola US pou vizit an gwoup

Lè ouvèti: chak jou 8è di maten rive 4è aprèmidi (selon move tan)

Siw poko vizite l , mete l nan pwogram.
Siw ale deja vinn dim koman esperyans lan te ye .
Original Post 👇👇👇
https://haitimusic1.wordpress.com/2025/08/27/haiti-music-%f0%9f%87%ad%f0%9f%87%b9-8/
(HAITI MUSIC 🇭🇹: PLATEFÔRME OFFICIEL)

27 Août 2025 à 07:41:10 PM

J'aime 1Commentaire
  • Partager
Laisser un commentaire en tant que visiteur

Publié récemment

Histoire

Histoire

Première nation noire à se libérer de l’esclavage et à obtenir son indépendance de la France en 1804 et a influencé d’autres mouvements de libération à travers le monde, inspirant des luttes pour la liberté et l’égalité.

Beauté naturelle

Beauté naturelle

Haïti est dotée de paysages naturels spectaculaires, notamment des plages de sable blanc, des montagnes et une biodiversité riche.

Patrimoine

Patrimoine

Haïti possède un riche patrimoine historique, notamment des sites comme la Citadelle Laferrière et le Palais Sans-Souci, classés au patrimoine mondial de l’UNESCO.

Culture

Culture

Haïti possède une culture riche et diversifiée, influencée par des éléments africains, européens et autochtones. La musique, la danse, l’art et la cuisine haïtiens sont célébrés à travers le monde.